Konbit Bous Etid
Yon inisyativ pou sipòte jèn ayisyen ki vle aprann nan yon lekòl pwofesyonèl ki ka ede Ayiti.
Aplikasyon: Aplike sou sit entènèt nou an nan www.paulineshowayiti/konbit-bous-etid
Yo pral voye lajan yo dirèkteman nan lekòl la, SE PA bay elèv la.
Elèv yo dwe pase klas yo; si yo echwe, yo dwe ranbouse lajan yo.
Kritè Elijiblite:
-
Ou pa gen gwo revni/pa gen lòt sous èd finansye.
-
Vle patisipe nan Konbit pou Ayiti.
-
Dwe se yon ayisyen kap viv Ayiti.
-
Pwogram nan dwe yon fòmasyon teknik ki dire pa plis pase yon ane.
-
Elèv yo dwe ekri yon redaksyon pou eksplike kijan sa yo aprann ap ede Ayiti.
-
Lekòl la DWE anrejistre legalman.
Kalifikasyon pwogram yo:
Teknoloji agrikòl
Pwogram teknik
Plonbri
Mosaïque
Ak plis ankò...
Dokiman ki nesesè pou enskripsyon an:
-
Kat Idantifikasyon
-
Dènye Rapò Lekòl la
-
Enfòmasyon sou Lekòl Teknik ou ap enskri an
Kòmanse enskripsyon: 1ye me 2025
Dat limit: 15 jiyè 2025, a 11:59 PM
Anons: 31 jiyè 2025